song lyrics / BélO / Istwa dwòl lyrics  | FRen Français

Istwa dwòl lyrics

Performers BélOShoomy

Istwa dwòl song lyrics by BélO official

Istwa dwòl is a song in French

Istwa 5 jenn gason ki pran lanmè
Kale chache ki bò lavi fè kwen
Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè
Yo bilje pati kite fanmi lwen
Yo pat menm gen yon destinasyon
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van
Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon
Kite Ayiti, fè kap yo pran van
pou yale

Yale…
Yo fin ale

jou ap pase nèg yo toujou sou dlo
Dezespwa anvayi kè yo
Pa gen manje, pa menm gen dlo
Kè sote anpare nèg yo
Gen youn ki di pase pou’l ta tounen
Li ta pito lage kò’l bay reken
Li jen, li nan peyi’l, li gen de men
Chak jou solèy la leve li jwenn li pap fè anyen

Nèg sa yo menm jan avè’ n
Yo te renmen Ayiti Thomas anpil
Yo te toujou nan lapènn
La vi pou nèg sa yo pat fasil
Yo te oblije ale…
la mizè vi chè la pouse do yo
Yale

Peyizan ale
yale
Atizan ale
yale
Etidyan ale
yale
Krèm peyia fin ale

Neg geto
yale
Neg anwo
yale
Machann dlo
yale
Ata ti zwazo

Poletè ale
yale
Profesè ale
yale
Sitaden ale
yale

Mizisyen n yo fin ale vre



Se Istwa 5 jen gason ki pran lanmè
K al chache ki bò lavi fè kwen
Nèg sa yo te gentan bouke ak mizè
Yo bilge pati kite nou lwen
Yo pat menm gen yon destinasyon
Yo sou dlo sou kont vag sou kont van
Nèg sa yo te gen yon sèl vizyon
Kite Ayiti, fè kap yo pran van
pou yale
Lyrics copyright : legal lyrics licensed by Lyricfind.
No unauthorized reproduction of lyric.

Comments for Istwa dwòl lyrics

Name/Nickname
Comment
Copyright © 2004-2024 NET VADOR - All rights reserved. www.paroles-musique.com/eng/
Member login

Log in or create an account...

Forgot your password ?
OR
REGISTER
Select in the following order :
1| symbol at the top of magnifying glass
2| symbol to the left of the television
3| symbol to the left of the trash
grid grid grid
grid grid grid
grid grid grid