paroles de chanson / Mr Zomo parole / Rat Kay lyrics  | ENin English

Paroles de Rat Kay

Interprètes Mr ZomoCaleb Webster Fenelon

Paroles de la chanson Rat Kay par Mr Zomo lyrics officiel

Rat Kay est une chanson en langue indéterminée

Ayy remò Ala remò
Lèm gad sa peyi m
Tounen Jodi a
Se lapenn gad on pinisyon
Nap pije poutan n’inosan
Kolon yo met ansanm
Pou yo divize nou
Aprè pou yo mòtifye nou
Gade tchoul
Gad tchoul nan peyi a
Gade sousou blan
Nan lakou m nan

Chay sot sou tèt
Li tonbe sou zèpòl
Ala remò
Nou bay moun bò Isi a
Lèm wè se rat kay
Kap manje pay kay
Pitit peyi a
Vann blan peyi

Ayiti plen fo zanmi
Devan byen dèyè mal
Ayiti pran nan ipokrit
Karesan malveyan
Yap manje tout nannann
Kreye mizè banou
Epi w tande w gen foli
Foli fè zanmi
Yo itilize
Dirijan moun sal Nou yo
Pou yo rabese
Pou yo vanje yo
Pou lendepandans nou
Nou pran ak fos nou
Ayiti reveye w

Chay sot sou tèt
Li tonbe sou zèpòl
Ala remò
Nou bay moun bò Isi a
Lèm wè se rat kay
Kap manje pay kay
Pitit peyi a
Vann blan peyi

Ayiti se sèl manman
Ki pa jwen Lanmou
Nan men pitit li
Ayiti se sèl papa
Ki pa konn lanmou
Nan pitit li
Yo itilize
Gason vanyan nou yo
Bay yo fann fwa
Pou touye yo
Yo fè kouri entèlèk nou yo
Yo pa tounen

Chay sot sou tèt
Li tonbe sou zèpòl
Ala remò
Nou bay moun bò Isi a
Lèm wè se rat kay
Kap manje pay kay
Pitit peyi a
Vann blan peyi


Mr Zomo Gwolyon
Kingdom
Droits parole : paroles officielles sous licence Lyricfind respectant le droit d'auteur.
Reproduction des paroles interdite sans autorisation.

Commentaires sur les paroles de Rat Kay

Nom/Pseudo
Commentaire
Copyright © 2004-2024 NET VADOR - Tous droits réservés. www.paroles-musique.com
Connexion membre

Se connecter ou créer un compte...

Mot de passe oublié ?
OU
CREER COMPTE
Sélectionnez dans l'ordre suivant :
1| symbole en bas du smiley
2| symbole à gauche du nuage
3| symbole à droite de la loupe
grid grid grid
grid grid grid
grid grid grid