paroles de chanson / Enposib parole / Sa pa lov lyrics  | ENin English

Paroles de Sa pa lov

Interprète Enposib

Paroles de la chanson Sa pa lov par Enposib lyrics officiel

Sa pa lov est une chanson en Anglais

Hmm cheri a ou te mande pou yon moun
Ki pou te pran swen ou
Ou te mande pou yon moun
Ki pou pwoteje ou
M tap toujou la pou ou
Mwen tap goumen pou ou
Mwen tap pran bal pou ou san ezite
Hmm cheri a ou pase lanmou anba pye m
Ou chire m tankonw papye
Depi m pale avè w ou babye
Lè m ba w manje ou baye
Tout sa mwen fè pa janm bon
Menm lè w gen tò m ba w rezon
Map tou remèt demisyon m
Lòv lòv gen de jan l vini fò w bliye kiyes ou ye
Lòv gen de jan l vini fò w bliye si w egziste
Lòv mwen vle a pa sa lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa
Bebi tande lavi a pa mande tout sa
Ou genlè pa janm reflechi
Pa dim ou bliye gen kama
Yon jou wa wè kisa w pedi
Sa w voye m al fè la
Sa w panse m pral fè la
Mwen k panse w tap pran tan pou w bliye m
Men m wè wafiche nèg ou byen serye
Kijan m pral di fanmi m yo kè m kraze
M tavè w nan boul figi yo menm lè yo pat vle
Mezanmi tèt chaje avè w m te vle on bagay serye
Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm
Lòv lòv gen de jan l vini fò w bliye kiyes ou ye
Lòv gen de jan l vini fò w bliye si w egziste
Lòv mwen vle a pa sa lòv mwen vle a pa sa
Si m paka jwenn li jan mwen vlel la
Si m paka jwenn li jan mwen vlel la
Map tou bay lanmou legen
Oh oh oh oh
Oh oh oh oh
Sa w voye m al fè la sa w panse m pral fè la
Enposib ki la enposib ki la yesss
Oh oh oh oh
Oh oh oh oh
Sa w voye m al fè la sa w panse m pral fè la
Oh bebe jou map wè nou men nan la men
Map mache sou ou avèk kè plen
Map fonw ti bo pou ou ak 32 dan m deyò
Map bay misye lanmen epi m tou al lakay mwen
Pou m al kriye kou timoun piti
Pou m al priye pou m bliye tout souvni
Tout fo ti kè kontan tout fo ti fè lanmou yo
On jou ma va refè men m tou bay lanmou legen
Oh oh oh oh
Oh oh oh oh
Sa w voye m al fè la sa w panse m pral fè la
Lòv lòv gen de jan l vini fò w bliye kiyes ou ye
Kijan m pral di fanmi m yo
Lòv gen de jan l vini fò w bliye si w ekziste
M tavè w nan boul figi yo
Lòv mwen vle a pa sa lòv mwen vle a pa sa
Lòv mwen vle a pa gen anyen pou wè avek sa
Kijan m pral di fanmi m yo kè m kraze
M tavè w nan boul figi yo menm lè yo pat vle
Mezanmi tèt chaje avè w m te vle on bagay serye
Nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm
Lòv lòv
Droits parole : paroles officielles sous licence Lyricfind respectant le droit d'auteur.
Reproduction des paroles interdite sans autorisation.
Auteurs: Baptista St-Hubert, Lord Jolissaint, Medjy toussaint
Copyright: O/B/O DistroKid

Commentaires sur les paroles de Sa pa lov

Nom/Pseudo
Commentaire
Copyright © 2004-2024 NET VADOR - Tous droits réservés. www.paroles-musique.com
Connexion membre

Se connecter ou créer un compte...

Mot de passe oublié ?
OU
CREER COMPTE
Sélectionnez dans l'ordre suivant :
1| symbole en bas de la maison
2| symbole en bas de la croix
3| symbole à gauche du pouce en l'air
grid grid grid
grid grid grid
grid grid grid