paroles de chanson / BélO parole / Drapom nan lyrics  | ENin English

Paroles de Drapom nan

Interprète BélO

Paroles de la chanson Drapom nan par BélO lyrics officiel

Drapom nan est une chanson en langue indéterminée

BélO:
Drapo’m nan se koulè san’n ki te koule pou libète
Koulè po’m yo pat vle wè komkwa mwen te yon moun dane

Darline Desca:
Drapo’m nan se pat fasil si ou we jodiya l’ègziste
Se gran paran’n ki te kanpe fas alepok pi gwo lame

Shishie
Drapo’m nan reprezante chanjman listwa limanite

Ayiti
S’on bagay drol ou ka wè’l senp poutan lèkstrèman konplike

Fatima
Drapo’m nan se li kaple lamerik ak le mond antye
Ayisyen yo pat aksepte pou moun èsklav okenn kote

Geraldo
Drapo’m nan soti de pi bèl istwa ki janm ègziste
Istwa zansèt nou yo te sakrifye yo pou’n ka libere

Shishie
Se pa yon fab se p’on roman non plis se pa yon kont de fè
Fatima
Se prèmye fwa sa te rive se mond lan ki ta pral chanje

MIX
Drapo’m se kankou chève mwen
Met bal koulè mwen vle vrè koul`w l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen. Mèt fè sa ou vle l ap rete kole anba po mwen

Mandela
Drapo a pap ka konprann ke jodiya nou divize

Wanito
Deviz nou “l union fait la force” men malgre sa n’gen prejije

BIC
Plizye tribi ini fos yo pou libere tout yon ras
Poutan nou menm kom desandan nou separe tèt nou an klas

Jeanjean
Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa n ap rete

J perry
Li pa gen sans pou nou anko tèlman nou wè ke’n pa sanble

Mika
Drapo’m nan li leu li tan pou reprann plas ou te genyen
Menm jan l te ye nan tan lontan pou dahome ak nèg guinen

Misty
Drapo’m nan tankou soley yo panse k pa tap janm briye
Li raple ke mond jodiya se Vertières li te komanse


Medjy
Drapo’m nan pa enkyète’w menm si ou ta we dèfwa ou blaze
Yon jou kan menm fok yo kanpe pou ba’w valè ke ou merite

Drapo’m se kankou chève mwen
Met bal koulè mwen vle vrè koul`w l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen. Mèt fè sa ou vle l ap rete kole anba po mwen

Wanito
Li kole anba po mwen

Queen Bee
Yon joul gen pou rive y ap sispann pase ou anba pye

BelO
Wa va jwen respe ou merite

Jeanjean
Y’ap we ou kankou vre senbol libete

Drapo’m se kankou chève mwen
Met bal koulè mwen vle vrè koul`w l pap chanje
Ble e rouj la se fyète mwen. Mèt fè sa ou vle l ap rete kole anba po mwen

Li kole anba po mwen


Fatima
Fyète mwen

BélO
Li anba po mwen
Drapo m se fyètem
E m fyè ke m se ayisyen
Ayisyanite’m anba po’m
Droits parole : paroles officielles sous licence Lyricfind respectant le droit d'auteur.
Reproduction des paroles interdite sans autorisation.

Commentaires sur les paroles de Drapom nan

Nom/Pseudo
Commentaire
Copyright © 2004-2024 NET VADOR - Tous droits réservés. www.paroles-musique.com
Connexion membre

Se connecter ou créer un compte...

Mot de passe oublié ?
OU
CREER COMPTE
Sélectionnez dans l'ordre suivant :
1| symbole en bas du coeur
2| symbole à droite de l'appareil photo
3| symbole à gauche du smiley
grid grid grid
grid grid grid
grid grid grid